Add parallel Print Page Options

Lò ki se yon bagay k ap pase, lè l pase nan dife se netwaye dife a netwaye l. Se menm jan an tou lafwa nou, ki pi enpòtan pase lò, li dwe sibi eprèv pou valè li kapab parèt aklè. Se konsa nou va resevwa lwanj, glwa, lonè, lè Jezi va tounen.

Nou pa ko wè Kris, men sa pa anpeche nou renmen l. Nou pa ka wè l kounye a, men nou kwè nan li. Kè nou ranpli ak yon kontantman nou pa ka eksplike. Lafwa nou gen pou l bay rezilta, epi rezilta lafwa nou se delivrans nou.

Read full chapter