Add parallel Print Page Options

Pou moun sa yo, li se

“yon wòch k ap fè moun fè bitay,
    yon wòch k ap fè moun tonbe.”[a]

Moun yo fè bitay sou li, paske yo pa t ko kwè mesaj pawòl Bondye a. Se sa ki te dwe rive yo.

Men nou menm nou se pèp Bondye chwazi a, yon wayòm ki fèt ak prèt sèlman, yon nasyon ki apa, yon pèp sen pou Bondye. Bondye fè tou sa pou n ka fè louwanj pou li. Se li ki retire nou nan fènwa pou l mennen nou nan bèl limyè li a.

10 Nan tan lontan, nou pa t pèp Bondye,
    men kounye a, nou se pèp Bondye.
Nan tan lontan, Bondye pa t gen konpasyon pou nou,
    men kounye a Bondye gen konpasyon pou nou.[b]

Read full chapter

Footnotes

  1. 2:8 Sitasyon sa a soti nan Eza 8:14.
  2. 2:10 Gade nan Oze 2:23.