Add parallel Print Page Options

Men nou menm nou se pèp Bondye chwazi a, yon wayòm ki fèt ak prèt sèlman, yon nasyon ki apa, yon pèp sen pou Bondye. Bondye fè tou sa pou n ka fè louwanj pou li. Se li ki retire nou nan fènwa pou l mennen nou nan bèl limyè li a.

10 Nan tan lontan, nou pa t pèp Bondye,
    men kounye a, nou se pèp Bondye.
Nan tan lontan, Bondye pa t gen konpasyon pou nou,
    men kounye a Bondye gen konpasyon pou nou.[a]

Viv pou Bondye

11 Zanmi mwen, nou tankou vizitè ak pasaje nan lemonn. Konsa, mwen mande nou kouri kite move bagay nou ta vle fè yo, vye bagay sa yo k ap konbat ak moun nou ye vrèman an.

Read full chapter

Footnotes

  1. 2:10 Gade nan Oze 2:23.