Add parallel Print Page Options

17 Li lè pou jijman an kòmanse, epi se pèp Bondye a k ap jije anvan. Si l kòmanse avèk nou. Nou pa bezwen mande kisa ki pral rive moun ki pa aksepte Levanjil la.

18 “Si l difisil pou yon bon moun sove,
    imajine kisa ki pral rive moun k ap naje nan peche ak nan mechanste?”(A)

19 Konsa, moun k ap soufri paske se sa Bondye vle pou yo, yo dwe kontinye fè sa ki byen epi lage lavi yo nan men Bondye ki fidèl epi ki kenbe pwomès li fè.

Read full chapter