Font Size
1 Samyèl 17:12-14
Haitian Creole Version
1 Samyèl 17:12-14
Haitian Creole Version
12 ¶ David te pitit gason yon nonm fanmi Efrata yo, ki te rete lavil Betleyèm, nan peyi Jida. Nonm lan te rele Izayi. Li te gen wit pitit gason. Sou rèy wa Sayil, li te deja fin granmoun.
13 Twa premye pitit gason l' yo te pati al nan lagè ansanm ak Sayil. Pi gran an te rele Eliyab, dezyèm lan te rele Abinadab, twazyèm lan te rele Chama.
14 David te dènye pitit Izayi. Twa pi gran yo te pati ansanm ak Sayil.
Read full chapter