Add parallel Print Page Options

Nou menm: Pòl, Silas ak Timote, n ap ekri lèt sa a pou n voye bay legliz Tesalonik ki pou Bondye Papa a ak Jezikris, Senyè a.

Gras ak lapè Bondye avèk nou!

Lavi ak lafwa kretyen Tesalonik yo

Nou pa janm sispann di Bondye mèsi pou legliz Tesalonik lan. Nou toujou leve tout frè ak sè yo nan lapriyè devan Bondye Papa a.

Read full chapter