Add parallel Print Page Options

Epi ou te swiv egzanp nou, menm jan ou swiv egzanp Senyè a tou, lè ou te aksepte mesaj la ak kè kontan nan mitan gwo soufrans. Se Sentespri a menm ki te ba w kè kontan sa a.

Rezilta a se lè ou menm tou, frè m ak sè m yo, ou vin sèvi yon modèl pou tout frè ak sè nan Kris k ap viv nan Masedwàn ak nan Akayi. Se depi soti Tesalonik, mesaj pawòl Bondye a gaye nan tout Masedwàn ak nan Akayi. Konsa, toupatou kote nou pase y ap pale sou kalite lafwa nou nan Bondye. Konsa nou pa t bezwen di anyen ankò.

Read full chapter