Add parallel Print Page Options

Travay Pòl nan Tesalonik

Frè m ak sè m, nou tout nou ka temwanye sou rezilta pouvwa Bondye pami nou. Avan nou rive Tesalonik, nou te gentan pase pa nou anba men moun Filip yo. Men Bondye te ban nou kouray pou nou preche Bòn Nouvèl la, menm lè te gen obstak nan Tesalonik. Rezon an: mesaj n ap preche a pa gen erè ladan l. Nou pa t ap chache pran kèk bagay nan men w, lè n t ap mande pou w kwè nan Levanjil la. Nou pa t ap eseye twonpe pèsonn.

Read full chapter