Font Size
1 Tesalonisyen 2:11-13
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Tesalonisyen 2:11-13
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
11 Sonje jan nou te sèvi ak tout moun tankou papa ak pwòp pitit li, youn apre lòt. 12 Nou te toujou ankouraje ou, epi konsole ou. Nou toujou egzòte ou pou mennen lavi ou yon fason ki pa fè Bondye wont. Sonje Bondye chwazi nou pou nou fè pati wayòm li an, epi pataje onè li.
13 Frè m ak sè m yo, se tout tan n ap di Bondye mèsi pou fason ou te resevwa mesaj Bòn Nouvèl la. Ou pa t pran l kòm pawòl yon nonm. Men ou te resevwa l egzateman pou sa l ye a: yon mesaj ki sòti nan Bondye k ap travay nan lavi moun ki kwè nan li.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International