Font Size
1 Tesalonisyen 2:12-14
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Tesalonisyen 2:12-14
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
12 Nou te toujou ankouraje ou, epi konsole ou. Nou toujou egzòte ou pou mennen lavi ou yon fason ki pa fè Bondye wont. Sonje Bondye chwazi nou pou nou fè pati wayòm li an, epi pataje onè li.
13 Frè m ak sè m yo, se tout tan n ap di Bondye mèsi pou fason ou te resevwa mesaj Bòn Nouvèl la. Ou pa t pran l kòm pawòl yon nonm. Men ou te resevwa l egzateman pou sa l ye a: yon mesaj ki sòti nan Bondye k ap travay nan lavi moun ki kwè nan li. 14 Frè ak sè m yo, nou egzateman menm jan ak legliz Bondye yo ki nan Jide,[a] legliz Jezikris yo. Mwen vle di se pwòp moun pa nou menm ki te maltrete nou, menm ak kwayan Jwif sa yo Jwif parèy yo te maltrete.
Read full chapterFootnotes
- 2:14 Jide Peyi Jwif yo kote Jezi t ap viv, anseye epi tou se kote Legliz te premye kòmanse.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International