Add parallel Print Page Options

13 Frè m ak sè m yo, se tout tan n ap di Bondye mèsi pou fason ou te resevwa mesaj Bòn Nouvèl la. Ou pa t pran l kòm pawòl yon nonm. Men ou te resevwa l egzateman pou sa l ye a: yon mesaj ki sòti nan Bondye k ap travay nan lavi moun ki kwè nan li. 14 Frè ak sè m yo, nou egzateman menm jan ak legliz Bondye yo ki nan Jide,[a] legliz Jezikris yo. Mwen vle di se pwòp moun pa nou menm ki te maltrete nou, menm ak kwayan Jwif sa yo Jwif parèy yo te maltrete. 15 Se Jwif sa yo ki touye Jezi Senyè a ak tout lòt pwofèt yo. Se yo menm tou ki fòse nou kite vil la. Yo bay Bondye degoutans, yo kanpe ankwa devan tout moun yo jwenn.

Read full chapter

Footnotes

  1. 2:14 Jide Peyi Jwif yo kote Jezi t ap viv, anseye epi tou se kote Legliz te premye kòmanse.