Font Size
1 Tesalonisyen 2:14-16
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Tesalonisyen 2:14-16
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
14 Frè ak sè m yo, nou egzateman menm jan ak legliz Bondye yo ki nan Jide,[a] legliz Jezikris yo. Mwen vle di se pwòp moun pa nou menm ki te maltrete nou, menm ak kwayan Jwif sa yo Jwif parèy yo te maltrete. 15 Se Jwif sa yo ki touye Jezi Senyè a ak tout lòt pwofèt yo. Se yo menm tou ki fòse nou kite vil la. Yo bay Bondye degoutans, yo kanpe ankwa devan tout moun yo jwenn. 16 Yo fè tout sa yo konnen pou anpeche nou pataje Bòn Nouvèl Jezikris la ak moun lòt nasyon yo. Yo pa vle payen yo sove. Konsa, yo rive nan dènye bout mechanste yo. Lè sa, yo tonbe anba kòlè Bondye.
Read full chapterFootnotes
- 2:14 Jide Peyi Jwif yo kote Jezi t ap viv, anseye epi tou se kote Legliz te premye kòmanse.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International