Add parallel Print Page Options

Nou pa t janm chache pou okenn moun fè lwanj pou nou. Nou pa t chache nan bouch ou. Nou pa t chache l nan bouch lòt moun.

Se yon bagay fasil pou n ta sèvi ak otorite nou kòm apòt pou fè ou yon seri egzijans. Men nou te pito sèvi ak dousè.[a] Nou te aji tankou manman k ap bay pitit li tete. Mesaj Bòn Nouvèl Bondye a nou preche w la, se rezilta afeksyon nou gen pou ou. Se menm afeksyon sa a ki te fè nou alèz pou pataje lavi nou ak ou.

Read full chapter

Footnotes

  1. 2:7 Men nou … dousè Plizyè kopi Grèk di “nou te vin tankou ti bebe”.