Add parallel Print Page Options

15 Mesaj nou pote ba ou a, se Senyè a ki voye l. Nou menm ki vivan toujou lè Jezi retounen, nou p ap pran devan sa yo ki gentan mouri. 16 Gen yon sinyal k ap bay, y ap tande vwa youn nan chèf anj yo, twonpèt Bondye ap sonnen, epi Senyè a li menm ap desann sòti nan syèl la epi sa yo ki te mouri nan Kris ap leve pami mò yo. 17 Apre sa, nou menm ki va vivan toujou lè sa a, n ap rasanble ak moun ki te mouri yo, pou n monte al rankontre Senyè a nan nyaj yo. Konsa, n ap toujou ansanm ak Senyè a.

Read full chapter