Font Size
1 Tesalonisyen 5:12-14
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Tesalonisyen 5:12-14
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Dènye pawòl ak salitasyon final
12 Frè m ak sè m yo, nou mande w pou genyen bon jan konsiderasyon pou lidè yo k ap travay nan mitan nou pou Senyè. Yo gen sousi pou nou epi y ap montre nou jan pou nou viv. 13 Se pou nou montre anpil respè ak anpil lanmou pou yo poutèt travay y ap fè nan mitan nou.
Se pou nou viv nan lapè youn ak lòt. 14 Frè ak sè m yo, n ap mande ou pou rale zòrèy moun k ap fè parese yo. Ankouraje sa yo k ap viv ak lapèrèz nan kè yo. Ede sa yo ki fèb. Pran pasyans ak moun ki bò kote w.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International