Add parallel Print Page Options

17 Pou Wa k ap renye pou tout tan an, ki pa kapab mouri a, Wa je moun pa kapab wè a, ki se sèl Bondye a, se pou tout moun ba l glwa, onè pou tout letènite! Amèn!

18 Se sa m ap mande w fè, Timote, pitit mwen, dapre pwofesi ki te fèt sou ou yo. Mwen vle w sonje yo, pou toujou kenbe fèm nan batay w ap mennen pou sa ki byen. 19 Kontinye fè Bondye konfyans epi gade konsyans ou klè. Gen kèk moun ki refize koute konsyans yo, sa fè lafwa yo fè nofraj.

Read full chapter