Font Size
1 Timote 1:5-7
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Timote 1:5-7
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
5 Objektif lòd sa a, se pou yo ka gen lanmou ki soti nan yon kè ki pwòp, ak yon konsyans ki klè epi nan yon lafwa ki sensè. 6 Gen ladan yo ki gentan rate objektif sa a nan ansèyman y ap bay yo. Konsa, yo lage kò yo nan yon bann diskisyon ki pa itil ditou. 7 Yo vle pou moun konsidere yo kòm moun k ap anseye lalwa,[a] men yo pa konn sa y ap di. Yo pa menm konprann anyen nan sa yo di yo konnen trè byen an.
Read full chapterFootnotes
- 1:7 lalwa Pwobableman, lalwa Bondye te bay Moyiz pou pèp Izrayèl la.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International