Add parallel Print Page Options

Gen ladan yo ki gentan rate objektif sa a nan ansèyman y ap bay yo. Konsa, yo lage kò yo nan yon bann diskisyon ki pa itil ditou. Yo vle pou moun konsidere yo kòm moun k ap anseye lalwa,[a] men yo pa konn sa y ap di. Yo pa menm konprann anyen nan sa yo di yo konnen trè byen an.

Nou konnen lalwa se yon bon bagay, si ou sèvi avè l jan sa dwe fèt.

Read full chapter

Footnotes

  1. 1:7 lalwa Pwobableman, lalwa Bondye te bay Moyiz pou pèp Izrayèl la.