Font Size
1 Timote 1:8-10
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Timote 1:8-10
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
8 Nou konnen lalwa se yon bon bagay, si ou sèvi avè l jan sa dwe fèt. 9 Nou konnen tou, lalwa pa fèt pou moun k ap fè zafè yo jan Bondye vle. Li fèt pou rebèl ki kont regleman yo epi ki refize obeyi yo. Li fèt pou moun k ap fè peche, ki pa renmen Bondye ni bagay ki fè Bondye plezi. Li fèt pou moun k ap touye manman ak papa yo ak pou moun k ap asasinen moun. 10 Lalwa fèt pou moun k ap fè peche seksyèl, pou gason k ap fè sèks ak lòt gason osinon, pou moun k ap vann moun pou fè esklav. Li fèt pou moun k ap bay manti, moun k ap fè fo sèman pou twonpe moun, ak tout lòt moun ki kont vrè ansèyman Bondye yo.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International