Add parallel Print Page Options

Lidè nan legliz yo

Men yon bagay ki sèten: si yon moun vle pou l yon lidè prensipal[a] nan Legliz, se yon bèl bagay li vle fè. Men, fòk lidè a san defo. Li dwe fidèl ak madanm li.[b] Li dwe kontwole tèt li byen epi reflechi byen sou jan l ap mennen lavi l. Li dwe gen koutwazi lakay li. Li dwe prèt pou l akeyi moun epi ede yo. Li dwe kapab anseye byen. Li pa dwe bwè twòp alkòl dekwa pou l sou, li pa dwe yon moun ki vyolan. Men li dwe kapab antann li ak moun, li dwe ap chache simen lapè kote l pase, li pa dwe twò renmen lajan.

Read full chapter

Footnotes

  1. 3:1 lidè prensipal Sa vle di yon “bichòp” nan Legliz.
  2. 3:2 fidèl ak madanm li Ekspresyon nou tradui isit la se “yon sèl madanm”. Men lide tèks la se “li pa dwe nan lòt madanm deyò”. Li dwe kontante l, rete ak yon sèl madanm. Gade tou nan vèsè 12 la.