Add parallel Print Page Options

Sekrè lavi nou

14 M ap ekri w, men m swete ale wè w pa lontan. 15 Konsa, si m ta pran yon ti tan anvan m vini, ou va konnen kijan pou ou konpòte w nan fanmi[a] Bondye a, ki vle di Legliz Bondye vivan an. Se Legliz la ki kolòn ak fondasyon ki kenbe epi soutni verite a. 16 Wi, Bondye montre nou sekrè lavi ki fè lwanj pou li yo. Se yon verite nou tout kapab aksepte:

Nou te konnen Kris,[b]
    lè l te vin pran fòm yon moun;
Sentespri a montre tout sa Jezi di l ye,
    se verite a;
zanj yo te wè l.
    Mesaj konsènan Jezi a te preche
    pami tout nasyon yo;
Moun toupatou sou latè kwè nan li;
    Li monte nan syèl epi li antre nan laglwa li.

Read full chapter

Footnotes

  1. 3:15 fanmi Literalman, “mezon”. Sa vle di pèp Bondye se menm jan ak Tanp Bondye a.
  2. 3:16 Kris Literalman, “ki”. Kèk kopi Grèk genyen “Bondye”.