Add parallel Print Page Options

10 Wi, n ap travay di, epi n ap konbat. Paske nou mete espwa nou nan Bondye vivan an. Se li menm ki Sovè a pou tout moun, sitou pou moun ki kwè yo.

11 Se bagay sa yo pou w egzije epi anseye. 12 Ou jèn, se vre, men pa kite pèsòn meprize w pou sa. Ou menm, montre yo ou se yon egzanp pou kwayan yo, nan jan ou pale, nan jan ou ap viv, nan jan ou gen lanmou, nan jan ou gen lafwa ak nan jan lavi w pwòp.

Read full chapter