Add parallel Print Page Options

14 Poutèt sa, mwen vle pou jèn vèv yo marye, fè pitit, epi pou yo pran swen kay yo. Si yo fè sa konsa, lènmi nou yo p ap jwenn anyen mal pou yo di sou nou. 15 Men kèk nan vèv ki pi jèn yo gentan vire do yo ale jwenn Satan.

16 Lè yon dam ki kretyen genyen vèv nan fanmi li, li[a] dwe pran swen yo, li menm. Konsa, legliz p ap bezwen pran responsabilte a. Legliz va kapab pran swen vèv ki pa gen pèsòn pou ede yo.

Read full chapter

Footnotes

  1. 5:16 dam … li Kèk kopi Grèk genyen “mesye ou dam … li.”