Font Size
1 Timote 6:1-3
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Timote 6:1-3
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Enstriksyon espesyal pou sèvitè ak sèvant yo
6 Tout moun ki esklav dwe montre anpil respè pou mèt yo. Lè sa a, pèsòn p ap pase non Bondye nan betiz ni kritike ansèyman n ap bay. 2 Gen kèk esklav ki gen mèt yo ki kretyen, sa fè yo vin frè yo. Èske sa vle di pou yo genyen mwens respè pou mèt yo? Pa ditou, yo dwe sèvi yo pi byen toujou, paske se frè yo y ap sèvi, moun yo dwe renmen.
Se sa ou dwe anseye epi mande tout moun fè.
Move ansèyman ak vrè richès
3 Gen moun k ap anseye bagay ki pa bon. Yo pa swiv ansèyman Jezikris, Senyè nou an te bay, ni ansèyman sou kijan nou dwe fè Bondye plezi.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International