Font Size
1 Timote 6:16-18
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Timote 6:16-18
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
16 Se li sèl ki p ap janm mouri. Li rete nan yon limyè kote pèsòn pa kapab pwoche. Pèsòn pa janm wè l, pèsòn p ap janm wè l. Lonè, ak puisans se pou li pou tout tant! Amèn.
17 Kòmande moun ki rich nan mond sa a, pou yo pa ògeye. Yo pa dwe mete konfyans yo nan richès ki p ap dire. Men se pou yo mete konfyans yo nan Bondye. Se li menm ki ban nou tout bagay avèk abondans pou nou kapab pwofite yo. 18 Di moun yo, se pou yo fè sa ki byen, se pou yo rich nan fè sa ki byen. Se pou yo pataje sa yo genyen bay lòt moun ak tout kè yo.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International