Add parallel Print Page Options

Ansyen[a] an ap salye nou.

M ap voye lèt sa a bay dam[b] Bondye te chwazi a ak tout pitit li yo. Mwen renmen nou tout anpil epi se pa sèlman mwen menm, men se tout moun yo ki konnen verite a[c] ki renmen nou.

Nou renmen nou poutèt verite a, paske l ap viv nan nou, epi l ap toujou ak nou pou tout tan.

Read full chapter

Footnotes

  1. 1:1 Ansyen Se petèt apot Jan li menm. “Ansyen” vle di yon mesye aje oubyen yon lidè espesyal nan legliz la (tankou nan Tit 1:5).
  2. 1:1 dam Sa kapab vle di yon madanm. Oubyen, nan lèt sa, li kapab vle di legliz. Si li vle di legliz, lè sa a “pitit li yo” ta vle di moun ki nan legliz la. Se menm bagay pou vèsè 5.
  3. 1:1 verite a La verite oubyen “Bòn Nouvèl” konsènan Jezikris ki mare tout kwayan yo ansanm.