Add parallel Print Page Options

Epi kounye a m ap mande w yon bagay, chè madam, se pa tankou m ap ekri w yon kòmandman nouvo, men se menm kòmandman an nou te aprann depi nan kòmansman an: se pou nou renmen nou youn lòt. Lanmou vle di viv dapre lòd Bondye pase nou. Menm jan nou te tande kòmandman sa a, depi nan kòmansman an, se pou nou viv nan lanmou.

Paske genyen anpil fo doktè toupatou nan mond lan ki pa aksepte kwè Jezi te vini sou latè tankou yon moun toutbon vre. Enben, se moun konsa yo k ap twonpe moun epi ki lènmi kris la.

Read full chapter