Add parallel Print Page Options

Mwen menm Pòl, mwen vin apot Jezikris[a] paske se sa Bondye te vle. Mwen menm ak Timote frè nou, nou voye salitasyon pou tout moun ki fè pati legliz Bondye a nan lavil Korent, ansanm ak tout moun k ap sèvi Bondye nan tout Lakayi.

Se pou gras ak lapè Bondye Papa nou, ansanm ak Senyè Jezikris, rete avèk nou!

Pòl ap di Bondye mèsi

Mwen beni non Bondye, Papa Senyè nou Jezikris! Li se yon papa ki plen konpasyon ak konsolasyon.

Read full chapter

Footnotes

  1. 1:1 Jezikris Oubyen “Wa Jezi”. Tèm “Kris” se tradiksyon Grèk de yon mo Ebre “Mesi”, yon tit wayal. Gade nan Mak 15:32; Lik 23:2. Gade tou Kris ak Mesi nan Lis Mo yo.