Add parallel Print Page Options

Wi, nan lide pa nou, nou te panse nou t ap mouri. Sa rive konsa, pou nou sispann kwè nan pwòp fòs nou, men pou nou mete konfyans nou nan Bondye pito. Se li menm ki konn resisite moun mouri. 10 Li delivre nou anba gwo danje lanmò. E nou konnen l ap kontinye delivre nou. Se sa ki ban nou asirans, l ap delivre nou asireman. 11 Epi ou menm tou, ou ede nou nan lapriyè ou yo. Konsa, anpil moun ap remèsye Bondye pou nou, paske Bondye beni nou poutèt pwòp priyè yo.

Read full chapter