Add parallel Print Page Options

12 Nou pa oze mete nou nan menm nivo oswa konpare tèt nou ak moun sa yo ki panse yo tèlman enpòtan. Yo etabli pwòp mezi yo pou mezire pwòp tèt yo, epi yo konpare tèt yo ak pwòp tèt yo. Ala egare!

13 Men nou menm nou pa pral vante tèt nou depase limit travay nou. N ap vante tèt nou nan limit travay Bondye ban nou. Epi nou menm, legliz Korent, nou antre anndan limit travay sa a. 14 Nou te ka tonbe nan kategori moun k ap vante tèt yo depase, si nou pa t deja vini lakay ou. Men nou se premye moun ki te rive Korent ak Bòn Nouvèl Kris la.

Read full chapter