Add parallel Print Page Options

20 Nou sipòte nenpòt moun ki trete nou tankou esklav epi ki eksplwate nou. Nou sipòte nenpòt moun ki twonpe nou, moun ki panse yo pi bon pase nou, menm moun ki ba nou souflèt nan figi nou. 21 Mwen santi m wont pou m di l, men nou menm nou te twò fèb pou nou te fè w sa.

Men si yon moun oze vante tèt li nan yon domèn, mwen ka oze fè l tou. (Menmsi m ap pale tankou moun fou.) 22 Se Ebre yo ye? Mwen menm tou. Se Izrayelit[a] yo ye? Mwen menm tou. Se desandan Abraram yo ye? Mwen menm tou.

Read full chapter

Footnotes

  1. 11:22 Ebre … Izrayelit Se diferan non pou pèp Juif la.