Add parallel Print Page Options

21 Mwen santi m wont pou m di l, men nou menm nou te twò fèb pou nou te fè w sa.

Men si yon moun oze vante tèt li nan yon domèn, mwen ka oze fè l tou. (Menmsi m ap pale tankou moun fou.) 22 Se Ebre yo ye? Mwen menm tou. Se Izrayelit[a] yo ye? Mwen menm tou. Se desandan Abraram yo ye? Mwen menm tou. 23 Èske y ap sèvi Kris? M ap sèvi Kris la plis pase yo. (Se sèl moun fou ki pale jan m ap pale a). Mwen travay plis pase yo. Mwen te nan prizon pi souvan pase yo. Mwen pran plis baton pase yo. Mwen pase raz ak lanmò plis pase yo.

Read full chapter

Footnotes

  1. 11:22 Ebre … Izrayelit Se diferan non pou pèp Juif la.