Add parallel Print Page Options

22 Se Ebre yo ye? Mwen menm tou. Se Izrayelit[a] yo ye? Mwen menm tou. Se desandan Abraram yo ye? Mwen menm tou. 23 Èske y ap sèvi Kris? M ap sèvi Kris la plis pase yo. (Se sèl moun fou ki pale jan m ap pale a). Mwen travay plis pase yo. Mwen te nan prizon pi souvan pase yo. Mwen pran plis baton pase yo. Mwen pase raz ak lanmò plis pase yo.

24 Pandan senk fwa mwen resevwa pinisyon 39 kout baton nan men Juif yo.

Read full chapter

Footnotes

  1. 11:22 Ebre … Izrayelit Se diferan non pou pèp Juif la.