Add parallel Print Page Options

26 Poutèt mwen vwayaje anpil, mwen rankontre danje nan larivyè k ap desann, danje nan mitan bandi, danje nan men pwòp konpatriyòt mwen, danje nan men moun ki pa Juif. Mwen te an danje nan vil yo tankou nan zòn rekile yo, tankou sou lanmè. Mwen te an danje nan mitan fo frè yo.

27 Mwen fè travay di epi fatigan. Mwen fè plizyè nuit san dòmi. Mwen te grangou, mwen te swaf. Plizyè fwa mwen pa jwenn manje pou m manje. Mwen santi fredi san m pa gen rad pou m mete. 28 Anplis tout lòt pwoblèm yo, sousi m gen pou tout legliz yo mete m anba gwo presyon chak jou.

Read full chapter