Add parallel Print Page Options

Mwen konnen yon kretyen[a] ki te monte jis nan twazyèm syèl. Èske se te nan kò li oubyen èske se san kò li? Mwen pa konnen, men Bondye konnen. Sa gentan gen 14 zan depi l pase. 3-4 Wi, mwen konnen nonm sa a te rive jis nan paradi. Mwen pa konnen si se nan kò li oubyen si se san kò li. Men gen bagay li tande li pa menm ka eksplike, ni li pa gen dwa repete.

Read full chapter

Footnotes

  1. 12:2 yon kretyen Literalman, “yon nonm an Kris”. Nan 12:2-5, Pòl ap pale de tèt li.