Font Size
2 Korentyen 13:10-12
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
2 Korentyen 13:10-12
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
10 Mwen ekri nou tout bagay sa yo depi anvan m vini. Konsa, lè m vini mwen p ap bezwen sèvi ak otorite m pou bay moun pinisyon. Otorite Senyè a ban mwen, se pou m konstwi, se pa pou m detwi.
11 Kounye a frè m ak sè m yo, m ap fini lèt la: Se pou nou gen yon kè kontan k ap debòde. Fè sa n ap fè nan ladwati. Fè sa m mande nou pou nou fè yo. Mete tèt nou ansanm. Viv nan lapè. Epi Bondye lanmou ak lapè a ap akonpanye nou.
12 Se pou nou bay youn lòt yon bèl akolad.[a] Tout pèp Bondye a ki kote m ye voye salitasyon pou nou.
Read full chapterFootnotes
- 13:12 yon bèl akolad Literalman, “ak yon bo ki sen”.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International