Add parallel Print Page Options

11 Kounye a frè m ak sè m yo, m ap fini lèt la: Se pou nou gen yon kè kontan k ap debòde. Fè sa n ap fè nan ladwati. Fè sa m mande nou pou nou fè yo. Mete tèt nou ansanm. Viv nan lapè. Epi Bondye lanmou ak lapè a ap akonpanye nou.

12 Se pou nou bay youn lòt yon bèl akolad.[a] Tout pèp Bondye a ki kote m ye voye salitasyon pou nou.

13 Se pou gras Jezikris Senyè a, lanmou Bondye, ak kominyon[b] Sentespri a rete avèk nou tout.

Read full chapter

Footnotes

  1. 13:12 yon bèl akolad Literalman, “ak yon bo ki sen”.
  2. 13:13 kominyon Sa ka vle di pataj oswa patisipasyon nan Sentespri a. Li ka vle pale tou sou kalite asosyasyon lanmou ak inite Sentespri kreye nan mitan kwayan yo.