Add parallel Print Page Options

Se vre Kris la te fèb lè yo te klouwe l sou lakwa, men kounye a, li vivan gras a puisans Bondye. Nou menm tou, nou fèb poutèt nou fè youn ak Kris. Men n ap vivan nan li menm, pa mwayen pouvwa Bondye, lè nou va reyini ansanm avè l.

Egzamine tèt nou, gade pou nou wè si n ap viv nan lafwa. Èske se konnen nou pa konnen Jezikris ap viv nan nou? Si nou pa pase tèt nou egzamen lafwa sa a, Jezikris ta sipoze p ap viv nan nou. Antouka, nou espere pandan w ap fè pwòp egzamen w lan, ou gen tan reyalize nou menm, nou reyisi nan egzamen an deja.

Read full chapter