Add parallel Print Page Options

17 Senyè a, nan kontèks sa a, se Sentespri a. E lè Lespri Senyè a yon kote, li pote libète. 18 Nou pa gen vwal sou vizaj nou. N ap kontanple glwa Senyè a ki reflete sou nou tankou nan yon miwa, epi n ap transfòme pou nou vin reflete imaj li. Transfòmasyon sa a pote plis glwa toujou, paske li soti nan Senyè a ki se Sentespri a.

Read full chapter