Add parallel Print Page Options

Non, se ou menm ki lèt nou. Se yon lèt ki ekri nan kè nou. Tout moun konnen l, tout moun kapab li l. Wi, ou montre ou se yon lèt Kris la ekri li menm epi li voye l pa mwayen nou menm. Lèt sa a pa ekri ak lank, men se avèk Lespri Bondye vivan an. Li pa ekri sou tablèt wòch,[a] men li ekri nan kè moun.

Nou pale konsa, devan Bondye, poutèt konfyans nou genyen, pa mwayen Kris la.

Read full chapter

Footnotes

  1. 3:3 wòch Li ap pale de lwa Moyiz la ki te ekri sou tablèt wòch lè Bondye t ap bay li. Gade tou nan vèsè 7. Gade nan Egz 24:12; 25:16.