Font Size
2 Korentyen 3:7-9
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
2 Korentyen 3:7-9
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Nouvo kontra gen plis glwa
7 Lalwa te ekri sou wòch, li pote lanmò, men laglwa Bondye te toujou akonpanye l. Moyiz te sèvi Bondye anba lalwa, epi laglwa Bondye te tèlman briye sou vizaj li, pèp la pa t ka gade l nan vizaj. Poutan glwa ki te briye sou vizaj li a te pasaje. 8 Pa gen okenn dout, glwa ministè Sentespri a ki bay lavi ap depase anpil glwa sa k te sou lalwa a. 9 Men sa m vle di: Si ministè ki pote anpil kondanasyon poutèt peche a te gen glwa konsa, ministè k ap deklare moun jis devan Bondye a gen plis glwa toujou.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International