Add parallel Print Page Options

Men, nou voye jete tout metòd mètdam ak tout sa ki ka fè moun wont. Nou pa sèvi blòf ni nou pa defòme pawòl Bondye. Okontrè, nou anseye tout verite a. Konsa, nou prezante nou aklè devan konsyans lèzòm ak devan Bondye. Si Bòn Nouvèl nou anonse a pa parèt aklè, se pou moun k ap peri yo li pa klè. Chèf[a] mond sa a avegle entèlijans moun ki pa kwè yo. Konsa, yo pa ka wè limyè Levanjil laglwa Kris la k ap briye. Tout sa Bondye ye se sa Kris la ye.

Read full chapter

Footnotes

  1. 4:4 Chèf Literalman, “bondye”.