Add parallel Print Page Options

Chèf[a] mond sa a avegle entèlijans moun ki pa kwè yo. Konsa, yo pa ka wè limyè Levanjil laglwa Kris la k ap briye. Tout sa Bondye ye se sa Kris la ye. Nou p ap pale moun de pwòp tèt nou. Men n ap fè moun konnen Jezikris se Senyè. Nou menm nou se sèvitè Jezi. Paske yon jou, Bondye di: “Se pou limyè briye nan fènwa.”[b] Se menm Bondye sa a ki fè limyè li briye nan kè nou. Li fè nou konnen glwa li k ap briye sou vizaj Kris la.

Read full chapter

Footnotes

  1. 4:4 Chèf Literalman, “bondye”.
  2. 4:6 Se pou … fènwa Gade nan Jen 1:3.