Font Size
2 Korentyen 5:10-12
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
2 Korentyen 5:10-12
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
10 Nou tout gen pou parèt devan tribinal Kris la. Chak moun gen pou resevwa rekonpans pa yo selon aksyon te komèt, swa byen swa mal, jan yo t ap viv pandan yo te nan kò sa a.
Nou se anbasadè Bondye
11 Nou konnen sa sa vle di gen krentif pou Bondye. Konsa, nou fè sa nou kapab pou ede lòt moun aksepte verite a. Bondye konnen ki kalite moun nou ye, epi mwen espere nan fon kè w ou konnen ki moun nou ye tou. 12 Nou p ap chache vante tèt nou ankò. Men n ap di w tout sa pou nou ka ba w yon okazyon pou santi w fyè de nou. Konsa ou ap gen yon repons solid pou moun ki kwè anpil nan aparans. Sa k nan kè yon moun pa enterese yo.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International