Add parallel Print Page Options

Nou se Tanp Bondye vivan an

14 Pa fè ekip ak moun ki pa kwè nan Bondye. Byen ak mal pa ka viv ansanm. Limyè ak tenèb pa ka rete nan menm chanm. 15 Èske w panse ap janm gen inite ant Kris ak dyab la?[a] Kisa yon kwayan gen pou l wè ak yon enkwayan? 16 Tanp Bondye pa gen anyen pou l wè avèk zidòl, epi nou se tanp Bondye[b] vivan an. Se Bondye menm ki di l:

“Mwen pral rete ansanm avèk yo.
    Mwen pra l mache avèk yo.
Se mwen menm ki va Bondye yo
    epi se yo menm k ap pèp mwen.”[c]

Read full chapter

Footnotes

  1. 6:15 dyab la Literalman, “beliar”, se yon fòm pou mo Ebre “belyal”, ki vle di “san diyite” yo te sèvi ak mo sa a kòm yon referans pou dyab la ou byen lènmi Kris la.
  2. 6:16 tanp Bondye Kay Bondye, kote pèp Bondye a vini pou adore Bondye. Nan kontèks sa a li vle di kretyen yo se tanp espirityèl kote Bondye ap viv.
  3. 6:16 Sitasyon sa a soti nan Lev 26:11-12.