Add parallel Print Page Options

15 Èske w panse ap janm gen inite ant Kris ak dyab la?[a] Kisa yon kwayan gen pou l wè ak yon enkwayan? 16 Tanp Bondye pa gen anyen pou l wè avèk zidòl, epi nou se tanp Bondye[b] vivan an. Se Bondye menm ki di l:

“Mwen pral rete ansanm avèk yo.
    Mwen pra l mache avèk yo.
Se mwen menm ki va Bondye yo
    epi se yo menm k ap pèp mwen.”[c]
17 “Se sa k fè pawòl Senyè a di:
Soti nan mitan yo.
    Separe w, retire kò w sou yo.
Pa touche anyen ki pa pwòp,
    epi m ap aksepte ou.”[d]

Read full chapter

Footnotes

  1. 6:15 dyab la Literalman, “beliar”, se yon fòm pou mo Ebre “belyal”, ki vle di “san diyite” yo te sèvi ak mo sa a kòm yon referans pou dyab la ou byen lènmi Kris la.
  2. 6:16 tanp Bondye Kay Bondye, kote pèp Bondye a vini pou adore Bondye. Nan kontèks sa a li vle di kretyen yo se tanp espirityèl kote Bondye ap viv.
  3. 6:16 Sitasyon sa a soti nan Lev 26:11-12.
  4. 6:17 Sitasyon sa a soti nan Eza 52:11.