Add parallel Print Page Options

Okontrè, nou fè tout bagay yon jan ki montre nou se sèvitè Bondye vre. Nou sipòte avèk pasyans moman tristès, moman lapenn yo ak tout kalite kalamite. Nou pran baton, nou pran prizon, lapopilas atake nou. Nou sipòte tout kalite fatig, nou pase nuit san somèy, nou sibi grangou. Nou montre nou se sèvitè Bondye vrèman nan jan nou mennen yon lavi san detou ak konpreyansyon, ak pasyans, ak jantiyès. Nou montre li ak prezans Sentespri nan lavi nou, ak yon lanmou otantik,

Read full chapter