Add parallel Print Page Options

Nou pran baton, nou pran prizon, lapopilas atake nou. Nou sipòte tout kalite fatig, nou pase nuit san somèy, nou sibi grangou. Nou montre nou se sèvitè Bondye vrèman nan jan nou mennen yon lavi san detou ak konpreyansyon, ak pasyans, ak jantiyès. Nou montre li ak prezans Sentespri nan lavi nou, ak yon lanmou otantik, nou di verite a pou tout moun tande, se sou puisans Bondye nou konte. Lavi dwat n ap mennen se zam nou pou n defann tèt nou kont tout kalite atak.

Read full chapter