Add parallel Print Page Options

Zanmi m yo, poutèt nou genyen pwomès sa yo Bondye fè nou, se pou nou netwaye tout sa ki sal kò nou oswa kè nou. Se pou nou fè sa n kapab pou nou vin pi sen chak jou poutèt krentif nou gen pou Bondye.

Pòl ap eksprime jwa li

Tanpri, ouvri kè w ba nou. Nou pa fè okenn moun enjistis, ni nou pa chache kòwonpi okenn moun. Nou pa chache pran avantaj sou okenn moun. Mwen pa vle nou pran sa m di tankou se yon blam. Mwen di nou sa deja: mwen renmen nou tèlman, mwen prèt pou m mouri pou nou oubyen pou viv pou nou.

Read full chapter