Add parallel Print Page Options

Se sa k fè mwen te panse voye frè sa yo devan. Y ap ede nou kolekte ofrann ou te pwomèt la. Konsa, lè nou vini, tout bagay ap gen tan pare. Konsa l ap parèt klè se yon bagay nou fè ak tout kè nou, se pa fòse yo fòse nou.

Sonje: moun ki simen tikras ap rekòlte tikras; moun ki simen anpil ap rekòlte anpil. Se pou chak moun bay jan l deside nan kè li, san l pa regrèt, san moun pa fòse l. Bondye renmen moun ki bay ak tout kè l.

Read full chapter